Nou Ede Ayisyen Evolye nan Peyi Brezil
AYZI ede ayisyen aprann pale pòtigè, jwenn bon enfòmasyon sou travay ak dokiman, e grandi nan Brezil — tout nan yon sèl plas.
Gratis pou kòmanse


Yon kominote solid nan Brezil, e yon kontribisyon pou Ayiti
Misyon AYZI se kontribye pou Kominote Ayisyen nan Brezil lan evolye nan tout bon sans yo — pou Kominote an vin solid nan edikasyon, nan kreye antrepriz, ak nan karyè pwofesyonèl. Lè Kominote an evolye isit Brezil, nou gen plis chans pou nou kontribye nan devlòpman peyi Dayiti.
Tout sa ou bezwen pou grandi nan Brezil
Aprann pòtigè
Nou ede aprann e pratike pòtigè, ak kou, egzèsis, tradiksyon, ak konvèsasyon ak Tami.
Enfòmasyon ki enpòtan
Nou reyini enfòmasyon sou etid, travay, dokimantasyon, ak kiryozite ki ka edew pwofite opòtinite peyi an pi byen.
Koneksyon ak kèk sèvis ou ka bezwen
Tradiksyon Legal Dokiman, Mwayen finansye pou w planifye acha Kay, machin... ak Sèvis Marketing Dijital si w vle grandi biznis ou.
✨ Sa se sèlman kòmansman — n'ap kontinye ogmante lis sèvis sa yo pi devan.
Gade AYZI an aksyon
Yon apèsi reyèl sou ekran ki ap ede plizyè milye ayisyen aprann pòtigè e evolye nan Brezil, chak jou.

Kou pòtigè konplè, divize an modil ak leson

Leson videyo ak pratik gide pa Tami

Atik sou edikasyon, travay ak lavi nan Brezil

Tradui nenpòt fraz ant kreyòl, franse ak pòtigè

Aprann alfabè, chif, jou ak mwa pandan w ap koute e pratike

Pale ak vwa avèk Tami, patnè konvèsasyon w

Jwenn Inivèsite, Lekòl pwofesyonèl toupre lakay ou
Konsèy ak pwomosyon pou biznis ou
Ou gen yon biznis, oswa ou vle kòmanse youn? AYZI ofri sèvis maketing dijital, e konekte w ak kominote nou an ki gen dè milye itilizatè. Si w vle fè piblisite pou biznis oswa sèvis ou bay kominote ayisyen an nan Brezil, nou ka ede w rive jwenn yo.
Pwomote biznis ou sou AYZI
Si w vle pwomote sèvis ou sou AYZI pou plizyè milye moun ka wè biznis ou e pran sèvis nan men w, rantre an kontak ak nou.
Ekri nou — supportayzi@gmail.comÒganizasyon san bi likratif
Òganizasyon w vle ede ayisyen nan Brezil, men w pa twò konnen ki kote pou kòmanse? Èd la pa oblije se lajan — li ka lojman, opòtinite travay, bous detid, oswa nenpòt lòt mwayen ki ka ede yon moun entegre pi byen e jwenn plis opòtinite nan peyi a. AYZI louvri pou kalite patenarya sa a: nou ede idantifye ki kote e kijan èd sa a ta ka redirije pou yon operasyon pi bon.
Pale ak nou — supportayzi@gmail.comKòmanse grandi jodi a
Telechaje AYZI e fè premye pa a pou w pale pòtigè pi byen e gen yon lavi pi bon nan Brezil.
